Radio Caraibes ranmase 30 Mars 2019

This week on Ranmase Part 1

Fè aktyalite a te kòmanse ak echèk group opozisyon an te pran jounen 29 mas 2019.

Nan sousi pou retire prezidan jovenel ki pap regle anyen sou pouvwa a. Jean monard tap mande eske se kondisyon feblès opozisyon an ki ta koz. Andre lafontan te ekri pou li di an nou fè echèk yo tounen viktwa menm nou konnen sa pa chanje Nan kè popilasyon an.

Let Andre Lafontan

Li soulinye se pa Nan pale Nan radyo tout la jounen kap chavire pouvwa anplas la. Li fè konnen se kòmanse travay edikasyon politik la pou nou pa kontinye Nan menm mouvman sa.Nou pral antre nan yon mouvman makiye. Eleksyon pral fèt pou nou vale bagay dèmalog la.

Nou pral jwenn depite ak senatè makiye. Si nou pa pran mateli ankò nap pran yon lòt jovenel. Koze divizyon sa koz advèsè a pa okipe nou. Radyo yo travay yap fè a bon men fòk yo konnen si twoup la nan bon kondisyon.

Gen moman pou atake, lot moman pou repliye. Se konsa batay fèt.

Vot sou sale minimom

Depite manes lwi, prentan belizè, sinal bètran, jean robè bose, roje milyen ki ta pwopoze mil goud kòm salè minimòm pou ouvriye yo kòm yon pwopozisyon lwa.Peyizan senmichèl de latalay e savann dyann menase dexpwopriyasyon de Andre apèd sou 6666 kawo de tè. Moun akayè ap denonse la polis ki arete mèt Andre boutou

Men nouvo sale depite yo vote nan lwa sa: Batiman endistriyèl e komèsyal pasan de 420 goude a 720 goud. Transpò aeryen, elektrisite, bank, sipè mache, mezon transfè pase de 500 a 800 goud. materyo de konstriiktisyon, transpò tèrès pase de 400 a 600 goud. otel, restoran pase de 350 a 425 goud. gadyen, sèvant pase de 215 a 335 goud. petrolye pase de 400 a 700 goud.

This week on Ranmase Part 2.

Ayiti reponn Washington

Anbasadè ayiti a Nan Washington te reponn 104 kongrèsmann yo ki te ekri pou yo denonse vyolasyon de dwa imen. Let sa atake gouvènman ayisien an e rann li koupab sou sitiyasyon nan la saline ke yo lanse dè ankèt sou gouvènman ayisyen an. Nan resant manifestasyon ki te òganize Nan peyi an kote 26 moun te mouri 77 blese nan peyi lòk la. Manifestasyon sa te gen pou bi demisyon jovenel e pwosè petrokaribe a. Anbasade a pote yon demanti fòmel ak sa ki di yo sou gouvènman ayisyen an.

Sou dosye Petrokratibe, Jij ramonsit aksime ki an chaje de dosye petrokaribe a soti yon òdonans. Yon odonans sou konpayi prezidan jovenel ki jele Pami tout desizyon ki pran yo. Li òdone yon ankèt apwofondi sou konpayi kofenè e plizyè pèsonn fizik e moral endekse nan zafè sa.

Fondasyon fkl dirije pa madam mari yolèn Jil e me madisten revele plizyè pèsonn fizik e moral ki konsène pa mezi sa yo an dat 21 mas 2019. Jij majistra enstriktè a jije aplike dè mezi konsèvatwa nan sousi de lapidasyon petrokaribe. Selon atik 16 e 46 de la lwa sanksyone blanchisman lajan a.

Tout bank e enstitisyon sou teritwa nasyonal la. Michel lekò, estach senlo, Loran Lamot, mari Kamel Jan mari, Jak Gabriyel, Estefani vuldruoin, Wilson Lalo, Josefa gotye, yve gèmen, Jan max bel riv, e dot e direktè ulcc e ukref pou vini nan kabinèl.

Jij la mande DCPJ poul pase lòd ak brigad li pou yon rapò detaye sou zafè petrokaribe a. Met Andre michel di se yon ti pa. Mèt Danton leje mande pou kisa gen kek batiman ki poko sezi. Yo tout gen lajan petrokaribe a la dan yo. Otel e Kay pitit mateli te kòmanse achte. Nèg yo fè konnen lè Jij la mande ulcc e ulcref dokiman se on blof paske yo konnen byen ki es Jovenel mete Nan plas sa yo.

This week on Ranmase Part 3.

Depite ki te vote salè minimòm pou ouvriye yo ki ta pral fè gran deba. Te gen anpil kritik pou entèpelasyon depite yo te fè a pou ranvwaye ansyen pm ceant. Pou fè pèp la bliye sak pase a, gen 77 depite pou, zewo kont, yon abtanston pou vote sale minimom jou madi 26 mas 2019 la.

 

Related posts